Sa pa anpeche m baw Lòv
Lè lavi fèw kado, pa janm bliye pou w pran swen li
Apr 20, 2026 · 2 min read
Anpil fwa, yo toujou chèche divize n: Kòmanse sou fè rimè, pase pran kreye zen, monte konplo. Yo menm di m ou gen lòt moun, eseye mete dout ak mefyans nan kè m pou ou. Yo chèche nan tout fason pou yo kraze yon bagay ke menm nou menm nou pa rive gen kontwòl sou li. Yo pat la lè tout sa te kòmanse: Epòk nou te konn pran kamyonèt pou n al kontre ak lòt anba gwo solèy cho lavil, epòk dechoukay wap brave lari pa bon pou vin wèm ki te malad. Epòk siklòn pou map vin kouri pran w nan mitan dlo paske w pat vle pase tout tan sa sanw pa wèm. Moman yo anpil, poutan mwen pa janm santi m bouke viv plis bèl toujou avèw chak jou. Chak lè mwen konnen nou gen poun wè, chak lèm santi nan wout nou ka kwaze, kè m pa janm sispann chante. Wèw menm kap pwoche vin sou mwen sifi pou fèm benyen ak pwòp dlo nan kò mwen. Figi m toujou make lajwa, lapè, serenite, e pi bèl bagay se wèw chak lèw enkyetew pou wap dim kòmanw pè pèdi m.
Lavi banmwen w e li fèm reyalize yon bagay: Lanmou bèl la kòmanse sèlman lèw rive kapab di ou pare pou sakrifye moun ou te ye an pou moun ou vin ye avèk moun sa ki rive fè kèw vibre ak senp prezans li nan laviw. Se poutèt sa ak anpil lòt toujou mwen pap janm bouke di konbyen mwen renmenw e ke mwen vlew pou tout rès vim. Menmlè yo ta dim ou pa sou mwen vre oubyen ke menm ou menm ou ta rive dim kew pa wèm menm jan ankò, pa panse map fache ni boude, paske pou tout moman nou pase yo ak lanmou nou pataje youn pou lòt la, mwen konnen anyen pap janm fèm bouke baw tout lanmou kew merite an, ou menm ki rive fèm wè bonè ki soti nan lavi a 2.
Related Articles
Time : A Simple Everyday Guide to Something Very Strange.
Time isn’t just the numbers on a clock or the dates on a calendar. It’s the way life moves. It’s how we know that breakfast comes before lunch, that kids grow taller, and that seasons change.
The Heartbeat of the Economy: Understanding the Simple Transaction
The economy works like a simple machine. Many people find economics complex, and there is often little agreement on how it works. This can make the subject feel intimidating or inaccessible. The reality, however, is that the entire economic system is built from "a lot of simple transactions that are repeated over and over again a zillion times."
Focusing: When Words Alone Aren't Enough
Focusing, developed by Eugene Gendlin, is an embodied practice of self-reflection that helps meaning emerge from the body rather than the thinking mind. At its core is the felt sense—the vague, bodily knowing that exists before clear thoughts or emotions. By staying with this “murky edge” in a nonjudgmental way, we allow clarity to form naturally instead of forcing answers. Unlike meditation or cognitive insight, Focusing invites us to listen to the whole of our experience—mind, body, and intuition together. As we slow down and attend to what the body is signaling, what once felt stuck can begin to shift. This process often leads to a felt shift: a subtle release that opens new perspectives and ways of moving forward. Focusing reminds us that our bodies often know long before we can explain—and that depth, clarity, and change emerge when we are willing to listen.
Comments (0)
Sign in to join the conversation
Sign In